Yon mwa deja! 

Anpil zanmi ak konesans toujou ap mande m kisa m ap fè nan Chokarella? Kisa w aprann ou pat deja konnen? Kisa travay ak Carel rapòte w? 
21 Jiyè ki sot pase la a fè yon mwa depi mwen ak yon pakèt lòt jèn kòmanse estaj nou nan Chokarella. Eksperyans lan pou nou chak grenn diferan men sa ki rete sèten, li ekstraòdinè pou nou chak.

A kote aprann fè montaj odyo ak videyo, fè foto, entèvyou, repòtaj, jere medya sosyal yo ak amelyore kapasite redaksyon nou, mwen aprann anpil valè ki nesesè pou w fè siksè.

Mwen dakò ak sila a ki te di lè w vle fè siksè fòk ou antoure w ak evolye bò kote moun ki deja ap fè siksè. De Carel, mwen ap di w mwen aprann de pasyon li genyen pou sa l ap fè a.

Mwen aprann pou pa pè pran risk kelkeswa gwosè li ye epi pa janm kite obstak fè w kanpe; W ap gen plis fyète lè w rive reyalize sa ou te vle a. Mwen aprann tou siksè pa lè ou fè yon bagay yon fwa pafwa, men pito lè ou kenbe menm estanda a epi inove apre. 

Plis toujou mwen aprann amize m pandan menm m ap travay. Kòman? Nan pran plezi nan sa m ap fè a san m pa pèdi fokis sou objektif mwen.

Chokarella se on ekip, on fanmi e li konsa paske nou priyorize relasyon moun ak moun. Nou pataje sa nou konnen e nou aprann plis nan konsa.

Rete anpil pou mwen ak lòt « intern » yo aprann sitou kote pwofesyonèl. Nou chaje potansyèl e n ap pote plis pou satisfè ou.

​Rete branche, Chokarella a ba w nouvèl! 
​Stéphanie D. Lamarre

3 réflexions sur “Yon mwa deja! 

Laisser un commentaire